Asistans Legal

Si ou se victim yon atak seksyel, ou gen dwa.  Nou ka ede w jwenn jistis.

(850) 297-2000 

legal@fcasv.org  

Adrès imel sa a, ni nimewo telefòn nan disponib Lendi-Jedi, 8:30 am - 3:00 pm. Tanpri tann repons nan de jou ouvrab.

Pou asistans vyol imedya, tanpri kontakte eta a nan 1-888-956-7273.

Kiyes nou ap sèvis ?

  • Granmoun ak timoun apati 11 lane.

  • Moun ak tout kalite oryantasyon seksyèl, ak tout idantite tankou LGBTQ, fanm, gason ak Sila yo ki pa binè;

  • Imigran, refijye, moun ki san papye kèlkeswa estati legal yo.

Anba la a se yon lis kek nan zon nou ka ede ak, ak kek egzanp pou nou eksplike pi byen fason nou kapab ede:

 Egzamen medikal

  • Apre yon kadejak, ou gen dwa mande yon egzamen medikal, oswa “twomatis kadejak”, gratis.

  • Si yon lopital oswa doktè voye mande w lajan, nou ka ede w eseye peye dèt sa a.

  • Edikasyon

    • Nou ede elèv yo nan lekol prime, presegonde, ak lekol segondè, osi moun ke nan kolej, inivèsite epi lekòl pwofesyonèl.

    • Si yon moun fè ou mal epi ou bezwen èd nan lekòl la, nou ka kapab ede w:

      • Kenbe enfòmasyon w yo sekrè,

      • Pran tan nan lekol la, jwenn ed si klas ou yo ap jete, oswa lekol transfe, oswa

      • Rapote li nan lekol la nou ka gide ou nan pwosesis la, sa yo rele ankèt tit 9 la.

  • Jwenn kay

    • Apre atak la, ou ka pa santi w an sekirite kote w rete a.  FCASV ka ede w:

      • Deplase oswa chanje kadna yo nan kay la, oubyen

      • Rete lakay ou si mèt kay la ap chèche mete w deyò.

  • Travay

  • Si yon moun nan travay fe ou mal, ou ka santi w pa vle ale nan travay sa a ankò, oswa anplwaye ou la pa sipote ou.  Ou merite pou ou santi w an sekirite nan travay.  Ou gen chwa:

    • Ou ka mande chanje orè pou pa oblije kwaze ak moun ki agrese w la.

    • Ou ka mande rete lakay ou pou yon ti tan oswa mande transfè.

    • Ou kapab resvwa benefis chomaj.

    • Si anplwaye w pa vle ede w, oswa revoke w poutèt w ap cheche èd, ou ka pote plent pou li konpayi an.

  • Konpansasyon pou viktim lan

    • Si w toujou gen dèt apre w fin viktim, epi w te rapòte sa bay lapolis, Pwogram Dedomajman Viktim (CVC) ak tout Eta Florida a ta kapab ba w lajan pou peye. 

    • Pwogram CVC a peye pou lajan w pèdi nan travay w, bòdwo doktè, lajan w peye bwote ak lòt ankò. 

    • Nou ka ede w chwazi epi ede w jwenn lajan nan men CVC pou kouvri bezwen w.

  • Imigrasyon

    • Si w pa ameriken, oswa w pa gen rezidans, epi w viktim vyolans seksyèl, nou ka ede w aplike pou rezidans.

  • Dwa Paran yo

    • Si w vin ansent apre yon kadejak epi w pa vle kadejakè a wè ak pitit la, nou ka ede w. 

  • Dwa Viktim yo nan yon jijman kriminèl

    • Viktim yo gen dwa.  Si lapolis ak tribinal la deside pouswiv kriminèl la, ou menm kòm viktim ou gen dwa tou. Kèk egzanp ki montre w dwa pou:

      • Mande kenbe enfòmasyon w yo sekrè

      • Yo avèti w si kriminèl la lage nan prizon 

      • Di avoka a kouman w santi w konsènan akizasyon an ak kijan kriminèl la plede, sou ki santans yo ba li

      • Cheche jwenn dedomajman pou ede w jwenn swen ak peye dèt agresyon an te koze w (sa yo rele “restitisyon”)

      • Gen yon avoka byen fòme nan koze agresyon seksyèl akonpaye w , oswa ale nan tribunal pou w

      • Di tribunal la kouman krim lan deranje w

      • Jwenn dispans nan travay ou oswa lekòl ou

      • Ak plis toujou. 

    • Ou gen dwa epi nou la pou ede w konprann yo.

  • Enjonksyon (Lòd Restriksyon)

    • Enjonjonksyon yo ka ede w rete an sekirite lè tribunal la mande moun ki agrese w la kanpe lwen w oswa pa kontakte w.

    • Tribinal la ka pafwa di lòt bagay nan odyans lan, pa egzanp:

      • Pou kriminèl la peye lwaye w 

      • Bay lòd pou di ki moun ki gen dwa okipe timoun yo ak dwa vizit

    • Si se oumenm ki mande enjonksyon an poukont ou, tribunal la pap ba w avoka (pou defann ou).

    • Nou ka ede w prepare epi ranpli tout fòm pou enjonksyon an. Nou ka reprezante w tou nan odyans enjonksyon an.

Vi prive w ak sekirite w trè enpòtan. Kòm viktim agresyon seksyèl, gen yon enpak sou vi prive w ak sekirite w nan tout domèn pouswit la. Nou pwal travay ak ou pou asire pwoteksyon vi prive w epi pou sekirite w an premye nan tout bagay.

Lè w ap pale ak avoka nou yo ak defansè viktim yo, enfòmasyon w yo ap rete sekrè epi yo pap pataje yo san otorizasyon w.

Si kesyon ou pa nan lis sa a, nou ka toujou ede w oswa rekòmande w bay yon moun ki pi kapab, donk pa ezite rele nou.* 

*FCASV pa okipe de divòs, gadinaj oswa lòt ka lwa familyal, men nou ka voye bay yon avoka ki fè sa. Nou pa nonplis okipe de ka kriminèl epi nou pa ka mande sanksyon ni menm fòse lapolis ak tribinal la pou fè sa.  Nou ede vikitim yo nan fè yo konn dwa yo lè yo ap jije kriminèl la.

Kontakte:

(850) 297-2000 ekstansyon 143 oswa legal@fcasv.org.  Adrès imel sa a ak nimewo telefòn nan disponib Lendi-Jedi, 8:30 am - 3:00 pm. Tanpri tan repons nan de jou ouvrab. 

Pou asistans lapoula akoz kadejak, tanpri rele nan nimewo enfòmasyon pou sa 1-888-956-7273.