Konsènan FCASV

Vizyon pa nou

Nou anvizaje yon mond san vyolans seksyèl kote tout moun ansanm asire yo trete tout kretyen vivan ak diyite ak respè pou entegrite fizik, emosyonèl, entelektyèl ak esperityèl.

Konsènan FCASV

Kòm kowalisyon kont agresyon seksyèl nan Eta a, Konsèy Kont Vyolans Seksyèl nan Eta Florid (FCASV), yon òganizasyon ki pa touche lajan, men li la pou ede viktim ak reskape vyolans seksyèl anplis pwogram kont agresyon seksyèl k ap sèvi yo. Vyolans seksyèl gen yon lyen dirèk ak mouvman jistis sosyal, e nou la pou fini ak tout move atitid nan sosyete a, tout kwayans kiltirèl ak tout pratik enstitisyonèl ki ankouraje vyolans seksyèl, ak enjistis sosyal. 

Edikasyon FCASV sèvi kòm resous epi nou gen ekspè pou konseye leta sou pwoblèm vyolans seksyèl epi meyè pratik pou ede viktim ak sivivan yo. Nou bay enfòmasyon, asistans ak lidèchip sou pwoblèm ak sijè ki gen enpak nan domèn kont vyolans seksyèl nan Eta Florid. 

Angajman Lit kont vyolans seksyèl mande yon apwòch miltidisiplinè epi FCASV kolabore avèk ajans ak responsab sèvis ki soti nan plizyè lòt sektè nan yon jefò pou sansibilize piblik la, ranfòse angajman kominote a, ak sèvis pou ede victim yo. 

Fòmasyon ak Asistans Teknik  Nou bay asistans teknik ak fòmasyon pou ajans yo ak alye pwofesyonèl k ap chèche amelyore sèvis ak soutyen yo bay viktim kadejak. FCASV gen tou, de fwa chak ane, yon konferans pou tout eta a ak espesyalis ki nan domèn kont vyolans seksyèl pou premye entèvenan yo, defansè yo, ak sila yo ki la pou sèvi tout sivivan yo.

Aksè a Sèvis FCASV sètifye epi l kore tout trant  pwogram agresyon seksyèl yo nan Eta a pou asire yo gen bon kalite aksè nan sèvis pou sivivan yo ak sèvis pou sila ki pran chòk yo ak tout fanmi yo. Nou gen yon ekip avoka ki se sèl pwofesyonèl nan Eta a ki otorize pou sèvis jiridik, ki travay esklizivman epi totalman ak moun ki sibi vyolans seksyèl san yo pa bezwen peye. 

Politik Piblik Nou devlope, swiv, epi kontwole tout inisyativ lejislatif ki afekte sivivan vyolans seksyèl. FCASV ap lite tou pou yon chanjman nan politik Piblik ki ta ka gen enpak materyèl sou lavi viktim yo.

Misyon Nou

Vyolans Seksyèl detri anpil lavi, blese anpil kominote, epi l ankouraje enjistis. Konsèy Kont Vyolans Seksyèl Eta Florid ap dirije, enfòme epi ankouraje moun yo nan Eta Florid pou yo kreye yon kominote ki gen jistis ak sekirite.